Pap Francois mande tout planèt la pou pa abandone Ayiti

233
0
Share:
TRiboLAND

10/31/2021

Vatikan______(TRiboLAND) Pap Francois mande tout lòt nasyon pou yo bay pèp ayisyen jarèt e li deklare ke li deplore move gagann ak kondisyon mizèrere popilasyon sa ap fè fas. “Mwen panse anpil ak popilasyon ayisyènn nan kap viv nan kondisyon limit. Mwen fè apèl ak tout nasyon nan monn lan pou bay peyi sa jarèt, e pa kite li sèl. Chèche genyen nouvèl sou Ayiti. Mwen gade nan televizyon, temwànyaj yon mesyonè kap esplike bagay ki konte. Se pa ti soufwans e se pa ti doulè ki genyen sou moso tè sa. An nou pwiye ansanm pou Ayiti, tanpwi pa abandone yo”, dapwè yon tweet souveren pontif la mete deyò jodi dimanch 31 oktòb 2021 an.

Share:

Leave a reply