Nòt biwografi Darlie Janvier : desede 21 septanm 2021

253
0
Share:
TRiboLAND

09/28/2021

Darlie Janvier fèt yon 23 desanm 1963 nan vil Pòtpe, il mouri jou kite madi 21 septanm 2021 an nan lopital Beraka Lapwent vè 7è nan aswè, li t genyen 57 lane.

Darlie se 3è pitit nan yon fanmiy ki konpoze 7 pitit, papa’l ki se defen Lexius Geffrard, yon ayisyen-beyemeyen ki te egalman yon gwo amatè batiman kite konn fè trafik Pòtpè – Naso.  Manman Darlie te rele Etide Janvier, trè konni pou pou fason li te konn pran ka e ede moun ki bezwen ti komès. Yon parèy manman te toujou fè tout sa li kapab pou elve tout pitit li yo nan dwàti ak mèyè edikasyon.

Darlie fè premye eksperyans lekòl li (Jaden alepòk, kindergaten alè kile) lakay man Dadas. Li fè etid primè li Notre Dame du Perpétuel Secours (Kay Sè) depi 7è pou rive sètifika. Apwè sètifika, li monte al fè klas segondè li nan Collège Notre Dame de Lourdes (CNDL) kote li fè 6è jiska 3è pou’l t ale answit nan Collège Le Primat de l’Esprit, men pou t fè klas tèminal yo li t retounen ankò nan CNDL sou konsèy kouzen li defen, Marc Saintil (Ti Masan).

 Nan mitan ane 90 yo li ta pral kite Pòtpè pou ale viv nan kapital la Pòtopwens, apwè gwoudou gwoudou 2010 an, li chwazi retounen lakay li Pòtpè pou vi’n viv ak lòt frè li yo ki se Codo ak Johnny.

Darlie pat marye ni fè timoun, men li genyen pitit fi li ke li t renmen anpil, Jennifer Janvier ki c nyès li, ke’l t pran depi ti bebe apwè 3 jou sèlman. Avèk Jenny, Darlie t konnen tout eksperyans tout doulè tout kalamite e tout plezi ak bonè ke yon manman t kapab konnen nan relasyon’l ak pitit li.

Darlie, menm jan ak manman l, te toujou fè prèv sansiblite anpil pou moun k’ap viv bò kote’l, anyen pat pou li paske’l pat renmen wè moun ap soufwi. Se yon moun kite renmen zanmi li anpil li pap rete yon moman pou’l pa al wè yon zanmi osinon yon fanmiy ki abite nan zòn li.

Konsa tou li t yon moun ki t genyen yon fran pale li pat moun k’ap pase akote pou di sa’l panse, li t toujou di wo sa tout moun t’ap ronronnen tou ba.

C domaj nan dènye moman yo la’a doktè ta pra’l dekouvri ke li ta genyen yon timè nan sen goch li ki pra’l finalman separe Darlie ak tout pròch li, zanmi ak fanmiy.

Depi madi 21 septanm lan vil Pòtpe ap kriye depa youn nan pitit fi li yo ki retounen nan pousyè brit sou kou. Pou anpil moun ki te konnen sa Darlie repwezante nan kàd bonjan rapò ak lòt moun nan anviwonnman li; se yon espas ki pwàl kreye anpil vid.

Antèman Darlie ap chante nan Sunlight ki trouve li nan Sab Chalè ap chante samdi k’ap 2 oktòb 2021 an,  vè 3h nan apwè midi, kote ke kò’a ap antere nan simityè Pòtpè a.

Bon travèse Darlie! Ale e repoze’w an pè bò kote sila yo ki t ale avan’w yo e ke papa Bondye nan syèl la akeyi’w nan wayom! Ke tè a lejè pou wou kouzin mwen! Ke Bondye egalman Konsole tout sa yo ki ap kriye sou disparisyon Darlie tankou, frè ak sè li Guirlande, Eddy, Elva, Henry Claude ak Johnny; fanmiy Janvier, Geffrard, Saintil, Louissaint ak Frederic pou site sa yo sèlman; ak tout lòt zanmiy ki genyen dlo nan je.

Garbart Saintil

Share:

Leave a reply