Chèchè ou sekouris ayisyen yo jwen finalman kò sanvi pedyat Jessica Janniton

180
0
Share:
TRiboLAND

Tabar____(TRiboLAND) Se aprèmidi madi 25 out 2020 an, sèvis ponpye nan tèt kole avèk ajan proteksyon sivil yo finalman dekouvri kadav pedyàt Jessica Janniton ki te viktim anba tanpèt tropikal Laura dimanch pase nan Tabar.

Selon kòwodonatè nasyonal ministè enteryè ak Kolektivite tèritoryàl, Joseph Junior Michel anonse aprè plis pase 10 èdtan rechèch, yo dekouvri kò sanvi pedyàt Jessica Janniton a plis pase 200 mèt nan menm kote yo te jwen ti bebe ke dlo a te brote ak Jessica a pandan pasaj tanpèt tropikal Laura a nan Tabar.

Konsa, plis pase senkant gason vanyan nan sèvis ponpye ak ajan proteksyon sivil te mobilize nan operasyon rechèch yo nan kad boske moun ki disparèt nan pasaj kraze brize Laura a nan Kapital la.

Share:

Leave a reply