Yon Gwo lapli devanjou lakoz plizyè katye nan Pòdpè anba dlo ak labou

328
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan lanwit 18 pou leve 19 jwen 2020 lapli ki pase yon bon bout tan ap tonbe lakoz divès katye inonde nan vil Pòdpè. Labou dlo monte konbyen wotè pa epanye pè pap.

Dapwè Charlestin Fatilien, ki se yon manm Asosyasyon Jounalis Nòdwès (AJNO), lapli a te kòmanse ap tonbe depi 1 è nan maten san rete. Dlo moute a konbyen mèt e anvayi tout sa ke moun nan site Maxo e latriye ta posede.

Nan yon vidyo ke li mete deyò, lakay Fatilien tounen yon veritab lak atifisyèl; mèb ansanm ak tout lòt efè pèsonèl ap naje a 2 pye de wotè. Anfen pou jounalis la se dezas total kapital pou tout moun nan zònn site Maxo ki pa konnen ki sen po yo rele.

Pou anpil moun, yo estime se ta konplisite gwo travay drenaj ki antreprann nan vil Pòdpè yo ki ta lakoz yon kanal santral ki konplètman inacheve okazyone yon pakèt lavalas dlo ak tè sòti nan zònn “Nan Kasav” e salanbe site Maxo e latriye ki maten an leve anba yon oseyan labou ak dlo ki paralyze divès lòt katye.

Share:

Leave a reply