Sou Sekretè Deta Ameriken an, David Hale ap vizite Bahamas e Ayiti

Sou Sekretè Deta pou Afè Politik Etazini an, David Hale gen pou li fè yon visit nan Bahamas jodi Jedi 5 Desanm e antre nan peyi Dayiti 6 Desanm 2019 la. Wo responsab ameriken an ap gen pou chita tande ak PM Hubert Minnis, Ministè Sekirite Nasyonal la, Marvin Dames ansanm ak otorite repons pou dezas yo ak patnè USAID yo. Yo gen pou diskite sipò peyi Etazini fas ak efò rekonstriksyon pou dega siklònn Dorian yo san konte angajman kowoperasyon bilateral Etazini.
Pou Ayiti, Sou Sekretè Hale ap gen pou rankontre avèk Pwezidan Jovenel Moise, Minis Afè Lòt Bò Dlo a, Edmond Bocchit ak divès lidè politik. Diplomat la ki apènn sot odisyone devan Komite Afè Lòt Bò Dlo Sena Ameriken an sou dosye Ikrènn nan, ap gen pou fè chita tande sou latriye defi kap sakaje bil peyi Dayiti ak nesesite pou yon dyalòg nasyonal enkluziv ak fonksyonman yon gouvènman ki kapab re-etabli lòd avèk lalwa, ranfòse ekonomi-a e tou pwèt pou sèvi pèp Ayisyen an.






