Yon lòt wont pou Ayiti pandan pouvwa lejislatif ak egzekitif kòwonpi ap trenen-l nan labou

Pòtopwens__(TRiboLAND) Kapital peyi Dayiti-a konnen ankò yon jounen wont, san pidè ak vyolans ki okazyone ak evantyèl seyans ratifikasyon politik jeneral PM nome Fritz William Michel jodi 23 Septanm 2019 la.
Antouka, jan anpil moun te deja pwevwa li; yon seyans anndan yon kavènn vòlè, yon tanp enpidisite, yon pwazon ki fini ak tout pwestij nasyon, yon kò malfwa ak mafya kap dòmi leve nan devègondaj, zak kòripsyon, aktivite dwòg, kidnapenn pa ta akouche lòt bagay sinon ke sa ou wè la; dayè, annou gade pozisyon jewografik Palman swa dizan yap mande pou moun respekte-a; zònn nan santi e se la yo santi yo konfòtab pou bwase, fè krim e fè fòtenn. Se yon nivo kokorat ke oken lòt eta pa janm rive.
Yon lòt fwa ankò, atravè swa dizan zak ak aksyon wontèz otorite an plas yo, lemonn dwe finalman reyalize ke peyi-a ap fenn depeyize, sosyete ayisyènn nan ap kouri a gran vitès nan kokoratism. Zak malonnèt ak dega yon pakèt dirijan malad mantal kap tèworize pwòp pèp li.
Tout peyi ki fèmen zye yo sou zak ak krim ke dirijan aktyèl ayisyen yo ap komèt; peyi sa yo ta dwe sispann pwone demokrasi ak respè pou lavi ak dwa moun. Sitou lè yo kosyone aksyon vòl, krim, imoralite, asasinaj ou egzekisyon ak kòripsyon dirijan malad mantal sa yo ki kontinye ap teworize yon pèp anba zye enstans entènasyonal yo kap swadizan kap defann vi ak dwa moun nan lemon.
Gade nan ki nivo yon senatè yon repiblik, Jean-Mari Ralph Féthière konsidere lavi moun nan yon peyi. Malgre li fenn moute machenn li pou li ale; li oblije desann e tire divès katouch sou yon gwoup mounn san zam e ki pat menm menase lavi-l. Se garanti, apwè zak orib sa, anyen pap rive-l; anplis li pwal kontinye jwi iminite e sa pap etonan li pwal kontinye komèt lòt zak parèy ankò. Sepandan, kòm youn nan viktim yo se yon jounalis entènasyonal, Dieunalio Chéry (Reuters). Li nesesè pou Reuters fè dilijans pou entènasyonalize dosye-a san pèdi tan. Yon zak konsa, pa dwe rete enpini!
Antouka, se chak jou Bondye mete, nasyon ayisyènn nan ap subi zak vyolans, gang, krim, kòripsyon, kidnapenn, enpidisite, asasinaj vyòl ke responsab yo ap enstitisyonalize. Se yon seri bagay repiyan ki revòltan oken lòt pèp atravè monn lan pa janm asèpte.






