Senatè Latibonit lan, Gracia Delva ta sable li nan enpas pou li antre Ozetazini

Pòtopwens__(TRiboLAND) Selon enfòmasyon ke moun ka fè konfyans, enfòmasyon difize nan emisyon “Ranmase” sou Radyo Karaib nan kapital la, Senatè Latibonit lan, Gracia Delva ta sanble jwenn entèdiksyon pou li pa ta antre nan peyi Tonton Sam nan.
Menm sous la endike ke Senatè ki se yon sispèk nan zak kidnapenn e ki gen bon rapò ak gwo chèf gang Village de Dieu-a, Arnel Joseph te jwenn anpèchman pou li te moute abò yon avyon konpayi Jet Bleu nan Repiblik Dominikènn a destinasyon Florid ayè Madi 3 Septanm lan, dapwè emisyon “Ranmase”.
Konsa, sa ta sanble responsab Etazini yo vle voye sinyal klè bay majorite Palmantè Ayisyen ke gouvènman Etazini pap dòmi fas a yon seri malpwopwete ke moun poko jwenn sou latè ki enplike anpil Palmantè Ayisyen.
Moun ki ap li nan gwo liv deklare, ke se move sinyal lè yon leta rive nan yon nivo kote ke li pakab onore estati diplomatik mam ofisyèl yon lòt leta ki pap fè peyi. Sa ki parèt nòmal pou yon ofisyèl Ayisyen, li se yon kochma pou moun kap fè peyi ak lalwa nan lòt leta.






