SENATE KEDLAIRE AUGUSTIN: SA POU MOUN NÒDWÈS KONPRANN

193
0
Share:

03-01-2019

Janl toujou dil la, yon lidè se yon moun ki gen vizyon, kouraj ak konviksyon.

Depi avan senatè Kedlaire eli li te gen tan wè ke leta toujou trete nòdwès an paran pov e sa pa anpeche senatè ak depite ke li bay manda pou defann li nan chanm lan pran 2, 3 manda. Si nou pa janm gen wout, lopital, waf, kouran,  sa vle di ni ekzekitif, ni palmantè ki te pase pa ka di yo reyisi manda yo pou nòdwès. Men si yo reeli, sa ta vle di ke pèp la satisfè de travay yo.

Leta pran abitid fè palmantè nòdwès ap batay pou djòb epi fè yo vote pwojè ki pwal fèt nan lòt depatman kote ki gen palmantè ki pi ekzijan epi fè moun yo bat bravo pou anpil ti pwojè radòt ki pa ka chanje kondisyon vi depatman. Se pou sa senatè Kedlaire vini ak vizyon gwo pwojè sa yo. Li defann pouvwa anpil pou yo ka reyalize. Lèl wè leta pako bay nòdwès priyorite, li fwape pyel atè. Li pa vote bidjè, li pa vote premye minis pouvwa voye nan sena poul fè yo tande vwa nòdwès. Sa pat konn fèt avan e se sa tou ki fè pouvwa te deside revoke moun senatè a te mete nan djòb. Malgre anpil moun pat konprann pozisyon senatè a te pran poul te ka fòse leta fokis sou nòdwès e poul te ka anonse prezidan kel pwal tonbe nan yon twou, li pat dekouraje ni bese tèt. 

Jodi a, nou ka wè pouvwa mete plis fokis sou nòdwès epi tout sa senatè a te konn anonse yo rive. Menm moun ki te relel trèt yo relel pwofèt jodi a. 

Senatè a ap kontinye batay pou wout la rive pi lwen ke posib, men nou gentan wè ke li pap rive ansafolè vre. Prezidan Jovenel wè ki jan depatman kote li te gentan fè wout yo leve nan kòl poul ale, alòske nan nòdwès pèp la pa janm leve.
Nan menm sans sa a, senatè a anonse ke li pwal kòmanse kontwole travay kap fèt pòdepè yo pou aktive yo epi asire ke yo fèt byen. 

Pou lopital la, se pou nou konprann rezon ki fè senatè a kenbe presyon an konsa. Si wout la pa fini, se sèl gwo pwojè nòdwès ap jwenn. Yon lopital modèn, ki gran, ki gen tout sèvis, ki ekipe se pwal yon referans pou nòdwès tou. Yon moun ta gen dwa kritike prezidan Jovenel de tout bagay, men ou pa ta dwe mandel demisyone aprè gwo desizyon li fin pran pou se nan nòdwès Taïwan konstwi lopital la.  Fòk yon moun konnen ki sa wap chache nan lavi a. Okontrè, senatè Augustin kwè se kore poul kore pouvwa nan demach konstriksyon lopital la. Se pa pou ryen nou wè li te pale byen de kowoperasyon Taïwan lan nan seyans kontwòl yè a e li te pwofite soulve kesyon lopital la. Demen, lap rankontre anbasadè a sou dosye a ankò.
Menmsi moun nòdwès pa bay aksyon sa yo enpòtans , li pap dekouraje. Lap kenbe, menm vizyon an, menm strateji a, jiskaske yo konprann ke peyi pa devlope san wout, kouran, lopital, waf.

“Senatè a konn kotel soti,
Li konn kotel ye,
El konn kotel pwale”.

Senatè, Kedlaire Augustin

Share:

Leave a reply