COSNO: voye yon kout chapo bay prezidan Jovenel Moise poutet li fini ak peyi

287
0
Share:

02-07-2019

PORT-DE-PAIX__(Triboland) COSCNO (konfederasyon Óganizasyon Sosyete Sivil Nodwes) nan yon rankont ak lapres jounen Jedi 07 Fev 2019 sa a di l koupe fache ak prezidan Jovenel Moïse li di k pa konble atant popilasyon Ayisyèn nan e ki ta dwe kite pouvwa paske l mennen peyi kote pep la pa t menm panse; moun paka manje kote yo oblije kouche pou plat manje telman lavi a ché. 

COSCNO menm voye yon kout chapo bay prezidan Jovenel Moise poutet li fini ak edikasyon anndan peyi a. Pou oganizasyon sa a se sèl swè sa yo l ka fè chèf Leta a pou kantite tó l fè peyi Desalin nan. Jovenel Moise ta dwe fè yon egzamen konsyans savledi se li k pou konnen si l dwe rete ou non sou pouvwa.

Triboland Staff Writer

Share:

Leave a reply