Arestasyon jènn imigran Dominken ak Ayisyen sou plaj Isabela nan Pòto Riko

0 431

Agwadila / Porto Rico__(TRiboLAND) Ajans Fwontalyè peyi Etazini yo nan tèt kole avèk fòs operasyonèl aeryenn ak maritime melanje avèk konplisite depatman polis municipal Isabela mete men sou 11 imigran ki natif natal peyi Repiblik Dominkènn ak Ayiti ayè Madi-a nan zònn Nòdwès peyi Pòto Riko.

Otorite yo dekouvwi sou plaj Isabela ti nosan juvenil, yon 25 pye kannòt a motè ki genyen pwodwi alimantè ki natif natal peyi repiblik dominikènn. Yo sezi wè ke gwo riske pou travèse kanal Mona avèk ti moun peti konsa. “Se yon veritab endinyasyon e ki ban nou anpil lawouli”, se deklarasyon youn nan chèf antèt ajan patwòl la, Xavier Morales.

Ti moun yo ki pat genyen siveyans parental te oblije responsab yo deklentche yo aktivite rechèch e arive poze lapat sou imigran dominiken ak ayisyen illegal sa yo ki te an majorite jènn moun. Konsa responsab polis municipal Isabela yo te asiste nan transpòte koupab yo ke yo ta pwal pwosès selon espwi lwa Etazini sou imigrasyon; alòske ti nosan juvenil yo rete anba men Sèvis imigrasyon ak Ladwann ansanm ak depatman Sante e Resous Imènn.

Leave A Reply