Ansyen pwezidan ayisyen, pwezime pwomotè gang ak kòripsyon, Joseph Michel Martelly debake an change nan Pòtopwens

70
0
Share:
TRiboLAND

07/15/2026

Enel Richard

Ansyen pwezidan Joseph Michel Martelly debake an change anndan peyi Dayiti jodi mèkredi 15 dawou 2026 la, nan Pòtopwens. Selon sa mount e kapab ap gade sou rezo sosyàl yo se yon kouch moun byen detèmine ki tap aklame ansyen pwezime chèf gang lan ke yon seri enstans entènasyonal ta akize kòm moun ki te nan danse kole nan krim ou kòripsyon anndan peyi Dayiti.

Antouka, apre plizye lane nan pelerinaj lòt bò dlo, Martelly ateri nan peyi Dayiti tankou pat janm gen anyen! Senpatizan, kòripè, reselè ou jounalis detayan san konte sitwayen robo pwograme ak peye davans, teknisyen beton, yo tout te nan lari, kote ke yo pat kache kontantman yo pou ekspwime chalè ak lajwa ki tap degaje lakay yo fas ak Sweet Micky, ki kite yon gou amè ak lawont nan istwa lapwezidans peyi Dayiti. Anpil chante piman bouk tap klewonnen pou “Debloke Peyi a”.

Anpil moun rete kwè, pwezans Michel Martelly pa piti; debakman an change sila, genyen anpil pou wè avèk remanbwe PHTK (Plonje Hayiti Tou Kanpe), e ba li yon lòt oryantasyon. Anpil lòt swete wè, se yon bon moman pou lajistis pwofite regle tout sa ki genyen pou regle nan kad patisipasyon PHTK nan efondreman peyi a. Tout dosye gagòt, imoralite, krim, kòripsyon ak enpidisite ki te enplike gouvènman Martelly a ak tout li menm e fanmiy li, dwe aktive ak moun djanm e ki pwòp nan Jistis peyi a.

Antouka, se efori nan tout nivo lakay disip ansyen manm FRAP la ou gagotè kòb Petro Karibe a! Pi devan na konprann pou ki!

Enel Richard, sitwayen angaje

Share:

Leave a reply