Flach : Panik nan Jakmèl, gwo dife pran nan yon kay nan zòn Mache Jefra

04/02/2026
Jakmèl, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon gwo dife eklate nan aswè mèkredi 1e avril 2026 la nan yon kay ki sitiye nan zòn Mache Jefra, nan vil Jacmel. Daprè premye enfòmasyon ki disponib yo, kay la ta gen gaz ladan l, sa ki ta ka lakòz dife a pran rapidman epi gaye ak anpil entansite. Evènman sa a kreye gwo panik nan mitan rezidan ak machann ki nan zòn nan.
Kèk minit apre dife a te deklare, ekip ponpye yo te rive sou plas la pou fè dilijans epi eseye mete sitiyasyon an anba kontwòl. Yo kontinye ap travay san pran souf pou etenn flanm yo epi evite dife a gaye sou lòt kay oswa biznis ki toupre zòn Mache Jefra a. Plizyè moun te rasanble pou gade operasyon sekou a pandan otorite yo t ap mande tout moun kenbe distans yo.
Pou kounye a, pa gen okenn detay ofisyèl ki disponib sou kantite dega materyèl yo ni sou si gen moun ki blese oswa viktim. Otorite lokal yo ak sèvis sekou yo ap kontinye evalye sitiyasyon an pandan entèvansyon an ap fèt. N ap swiv dosye a pou pote plis enfòmasyon dèske yo vin disponib.






