Grandans : Endividi ki pa idantifyàb piye 4 kamyon èd alimantè pou viktim gwoudou gwoudou Gran Sid yo

1,755

08/20/21

Pòtopwens_____(TRiboLAND) 4 Kamyon kontenè “Food for the Poor”, boure ak pwovizyon tankou sak diri, sak pwà, kès sosis, kès dlo e latriye ki ta pwàl delivwe pou viktim gwoudou gwoudou yo nan komin Pestèl, Abwiko, Zile Kayimit ak Jeremi, detounen anba men endividi ki pa idantifyàb jodi vandredi 20 out 2021 an, dapwè yon nòt òganizasyon imanitè a mete deyò.

Èd sa yo ki te supoze ale jwenn plizyè majistra nan komin yo, te piye toupwè komisarya Dichiti a, Rivyè Glas ak Kanperen.

Sepandan, òganizasyon “Food for the Poor” deklare ke lap kontinye reyite angajman li nan supòte san diskriminasyon tout say o ki vilnerab. Konsa, li mande otorite yo pou mete anplas pi bo dispozitif ki kapab asure sekirite konvwà èd imanitè yo pou viktim nan Gran Sid yo.

Comments are closed.