Nan yon deklarasyon li fè nan laprès, pòt pawòl IRGC a deklare ke yo poko itilize pi bon dènye model zam dezagreman yo

03/08/2026
Teheran, Iran______(TRiboLAND) Misil ke yo itilize nan moman sila, se sa ke yo te manifaktire nan lane 2012 ak 2014; alòske ke misil ki devlope nan dènye 10 lane sa yo, ki se nouvèl jenerasyon modènn dènye kri yo, yo poko janm touche yo e yo rezève yo pou yon pi gwo konfli manman penba, selon deklarasyon pòt pawòl IRGC a, Ali-Mohammad Naeini ki tap fè lwanj pou ame Iran an.
“Nan nivo zam, estrateji ak taktik, nou genyen inisyativ. Peyi Iran plis ke pare pou yon pi gwo konfontasyon militè. Nou genyen yon asnal misil ki trè lou, balistik, kruz, anpil kalite dwonn ak ofansiv bato militè pou yon pi gro konfli tranble jarèt”, daprè sa ki soti nan bouch resposab kominikasyon pou IRGC.
Peyi Iran genyen bagay nan men li pou li angaje nan yo pi gro konfli wot entansite ki kapab dire 6 mwa san rete.






