Nòdwès an dèy : Albert Charles mouri nan sant sante CORASA

98
0
Share:
TRiboLAND

02/06/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Depatman Nòdwès la leve nan tristès maten vandredi 6 fevriye 2026 lan, ak anons lanmò Albert Charles, ki mouri nan sant sante CORASA. Daprè temwayaj kolaboratè li yo, defen an te ap mennen tout aktivite nòmal li yo jouk nan jounen jedi a. Se nan aprè midi li vin santi yon malèz grav, yo te kouri mennen li lopital, men malerezman li pa t janm rive retounen lakay li.

Albert Charles te pwopriyetè Mòg Prive Albert Charles, yon enstitisyon ki, depi plis pase 20 lane, t ap sèvi popilasyon an ak anpil pwofesyonalis ak diyite. Gras ak sèvis li yo, li te vin yon referans enpòtan nan sektè finerè a nan depatman Nòdwès la, kote anpil fanmi te konn konte sou li nan moman difisil yo.

Anplis travay li, Albert Charles te rekonèt kòm yon moun ki gen anpil renome, toujou dispoze bay konsèy, ede moun nan antouraj li, epi sèvi kominote a san fè bri. Lanmò li se yon gwo pèt pou fanmi li, pou kolaboratè li yo, epi pou tout popilasyon Kapwa Lamò, kote nouvèl la frape anpil kè.

Share:

Leave a reply