Mèri Pòdpe Badijonnen : Kontwovès, Akizasyon ak Sispisyon Pèsekisyon Politik

12/12/2025
Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan lannwit 7 pou rive 8 desanm ki sot pase a, endividi yo pa rive idantifye te antre nan Mèri Pòdpe pou yo badijonnen plizyè pòt ak mi building lan ak matyè fekal. Aksyon sa a ki fèt jou fèt patwonal komin lan, koze anpil endiyasyon nan popilasyon an. Reyaksyon pa pran tan : ajan egzekitif Mèri Pòdpe a mande Jij Odieu desène manda arestasyon kont plizyè moun nan kominote a, sitou militan politik ak kèk jounalis byen koni, tankou Paul Eli Faustin, Myrlantha Majuste ak Yvener Dorest.
Dapre enfòmasyon kap sikile, majistra a ta kenbe zonbi plizyè sispèk nan antouraj li ki ta fè deklarasyon ki ta enplike Paul Eli kòm moun ki ta planifye operasyon sa a. Anpil moun sezi pou yo tande non jounalis la parèt nan yon parèy dosye konsa, e yo mande tèt yo ki lè travay medya tounen yon zak kriminèl ki dwe pini san prèv solid.
Nan site Kapwa Lamò a, reyaksyon popilasyon an pat pran tan. Plizyè sitwayen kwè se yon operasyon pèsekisyon politik majistra sanvègòy la ap mennen pou fèmen bouch vwa ki leve kont enkonpetans li ak move jesyon li depi plis pase 10 lane. Pou yo menm, arestasyon sa yo pa gen rapò ak verite, men se yon estrateji pou peze moun ki pa wè l ak bon je.
Ajoute ak sa, plizyè kritik etone wè yon parèy reyaksyon bò kote yon majistra loray kale ki fè plis pase 10 lane ap pwomote e fè politik ak fatra nan tout ti kwen nanvil Pòdpè; konsa, yo ap mande tèt yo depi kilè Josué Alusma pat janm vle wè matyè fekal konsa nan vil Pòdpe.
Yon lòt group sitwayen nan vil Pòdpè ke se dosye kap monte; e yo ta menm ale pi lwen pou yo ta kalifye zak degradan sa kòm zèv ou taktik sangwen an swadizan majistra, Josuè Alusma pou pèsekite pitit site Kapwà Lamò la ki pa sispann dezapwouve politik salte ak gang li enstore depi 10 lane nan minisipalite a.






