Dram aksidan machin nan Limonad : plizyè moun mouri san konte yon latriye lòt ki blese

Karakòl, Ayiti_____(TRiboLAND) Gwo konstènasyon ou dram aksidan machinjodi lendi 8 desanm 2025 lan, sou rout nansyonal No 6, komin limonad nan lokalite Ti Koulin.
Aksidan tèrib sila a fèt nan moman yon gro otobis tap transpòte plizyè anplwaye ki tap soti Limonad pou pou al travay nan Pak Endistriyèl Katakòl la.
Nan te anviron 6è 30 konsa, nan moman li tap vire pou pran yon koub nan Ti Koulin, otobis la patine e pèdi yon ekilib ki ta pral okazyone li chavire tèt nèg e kraze avèk tout anplwaye yo.
Daprè sa yon repòtè TRiboLAND ta fè konnen, plizyè malere ki tap boske lavi, ta mouri; yon latriye lòt blese e transpòte bwit sou kou lopital pou grese sere medikal. Kèk sekouris volontè tap fè gwo ladrès pou te arive rale viktim yo ki te pyeje.
Yon parèy aksidan ki makònen avèk pwovèb ki di “Chèche lavi detwi lavi”, parèt kòm yon jou nwa pou popilasyon an ki plonje nan gwo konstènasyon.






