Yonyon, chèf gang 400 Mawozo, jwen bouchon li pou letènite nan peyi Etazini

Wachennton, Etazini______(TRiboLAND) Gwo Alatèt chèf gang 400 Mawozo a, Germine Joly alyas Yonyon, jwen kondanasyon avi li jodi mèkredi anba lobedyans yon tribinal peyi Etazini pou zak kidnapping.
Tribinal blan meriken an, kondane Yonyon akoz li te arive kidnape 17 misyonè ameriken, pami yo te genyen yon bebe 8 mwa.
Konsa, tribinal pwesize ke chèf gang sangwen an, pa menm ta otorize pou ta kalifye pou benefisye libète kondisyonèl, daprè sa ke jounal ameriken yo deklare.
Yonyon, ki genyen yon latriye zak kriminèl ke li poze nan sosyete ayisyèn nan, fè yon latriye revelasyon ki fasilite yon seri envèstigasyon idantifye yon kolònn sangwen politichyen ou gang kravat ayisyen ki koupab nan destabilize ou efondre peyi Dayiti.






