Avèk kouvèti Lajistis, vòlè tè ou gang tèryen akravat (jij, avoka, komisè gouvènman, dwayen, notè, apantè, senatè, depite, delege, majistra, e polisye) gaye nan Nòdwès peyi Dayiti a

186
0
Share:
TRiboLAND

10/26/2025

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Notè, apantè, avoka, jij, polisye, majistra e menm Komisè Gouvènman nan depatman Nòdwès peyi, tranpe ra gagann nan zak vòlè tè. Kò mafya sila ki antann yo po yo deposede popilasyon Nòdwès, ap fonksyon nan yo parèy pwatik eskanmòte kèpopòz, e menm jwen benediksyon lajistis, patikilyèman nan vil Pòdpè.

Se près ke nan chak fanmiy, rèl detrès 2 men nan tèt pa sispann denonse malfwa sila yo kap fonksyone lib e libè anba kouvèti ou konplisite tèt jistis la nan komin Pòdpè. Anpil notè ak apantè anvayi jiridiksyon Pòdpè; yo pèdi patiraj nan travèse lizyè ki pa pou yo; tout sa esplike dènye dispozitif ke Komisè Gouvènman Jeir Pierre te pran an, yon fason pou tout moun rete nan limit yo. Se pa ta yon move dispozitif, si li te fèt pou tout moun.

Anpil kritik, kalifye desizyon Mèt Jeir a, kòm yon dispozitif ki genyen anpil fòs kote. Se konsa, genyen favoritism ladan li, ki chita sou yon seri enterè pèsonèl ki makònen ak pi gro notè ki finn akapare tout tè malere yo genyen atravè depatman Nòdwès peyi a. Se yon endividi entouchab, ki menm gen kontwòl Komisè Gouvènman kap chase notè ki anfas yon parèy notè kriminèl ki ta dwe aba gro envèstigasyon.

Jeir pa sispann pouse do yon latriye notè konpetan ou onèt nan proteje kliyan yo ke malfwa tout koulè vle deposede; yon seri notè ki genyen plis pase 20 a 25 lane nan egzèsis fonksyon yo, li deside fè plizyè degèpi yo, sou fòm yo pèdi patiraj. Sa, tout moun kapab konprann majorite notè yo ak Apantè ki anvayi komin Pòdpè, responsab mwatye nan zak kriminèl yo. Sepandan, inosan ki pwòp, kap defann yon seri kliyan ke asosiyasyon gang tèryen an ap deposede, pa kapab ap peye pou koupab. Anplis, dispozitif Komisè Jeir yo, pa genyen nannan. Se yon seri pyon ki vwale e ki genyen fòs kote.

Genyen vòlè ki kanpe ankwa e menm egzije pou lòt notè separe tingal pou tingal, yon seri deal avèk yo; si non, yo riske voye yo lòt kote, pou bay teren blanch anfavè yon seri notè ki genyen gro ramifikasyon avèk Komisè Gouvènman Jeir, ki manke transparans nan demach pou pouswiv sangwen kap apovri sitwayen yo atravè depatman an. Tankou nou kapab konsidere, yon ka kote yon avoka ki alafwa polisye ap feraye anba boul je KG an, kèpopòz. Li fè yon latriye abi; li fè tèt li pase pou jij e pati; li akize malere, arete yo e menm arive reprezante yo ankò! Ki krim, ki kapab depase yon parèy krim! Alòske, yon seri krim inimajinab ke pwòp lajistis la ap egzekite sou sitwayen nan Nòdwès peyi a ki pa konnen ki sen pou yo rele kont group mafya sila ki konpoze avèk jij, avoka, notè, apantè, senatè, depite, Komisè Gouvènman, dwayen, delege, majistra, e polisye ki ta dwe yo tout anba gro envèstigasyon.

Lajistis pa egziste nan Nòdwès peyi a; e si li egziste, li senpleman yon oksilyè kòripsyon ak krim. Konsa, yon jou kon jodia, batay ou masak pat pran tan pou deklentche atravè depatman an.

Share:

Leave a reply