Panik nan Boudon : yon mini bis sove anba flanm dife pandan yo pwotestasyon

10/24/2025
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo sèn panik eklate nan zòn Boudon, nan Pòtopwens jodi vandredi 24 oktòb 2025 lan, lè yon group manifestan ki tap pwoteste kont pouvwa defakto a te bare yon mini bis sou wout yo. Selon temwayaj, manifestan yo ta eseye mete dife sou bis la apre yo te kòmanse voye gaz lakrimojèn sou li.
Moun ki te nan machin nan, pran laperèz, yo te kòmanse sote atè pou chape anba flanm dife. Plizyè ladan yo te bese oswa blese pandan yo t ap eseye kouri pou sove lavi yo. Gras ak vijilans chofè a, li te rive pran kontwòl bis la epi sove ak pasaje ki te toujou ladan l.
Temwen yo rapòte sèn nan te kreye gwo dezòd ak laperèz nan mitan moun ki t ap sikile nan zòn nan.
Plizyè pasajè ki te nan bis la denonse konpòtman agresif manifestan yo. “Nou tout ap soufri menm jan nan peyi a. Men menase lavi lòt moun konsa, se fè plis viktim toujou,” selon sa yon pasajè te deklare ak endinyasyon.
Yo mande manifestan yo pran konsyans e chanje fason y ap fè revandikasyon yo, pou evite plis trajedi pandan peryòd tansyon yo.






