Gwo dram nan lokalite Fiyèt nan Jan-Rabel

Jan-Rabèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Popilasyon an leve anba gwo chòk maten madi 23 septanm 2025 apre yo te jwenn kò Sidolès Charélus, yon sitwayen ki tap viv pou kont li nan yon gwo kay nan lokalite Fiyèt, 3èm seksyon komin Jan-Rabel.
Dapre sa temwen rapòte, viktim nan ta fin pase lannwit 22 septanm nan lakay li, avan yo jwenn li asasinen byen bonè nan maten an. Nouvèl lan gaye vit nan kominote a, kote anpil moun eksprime lapenn ak kè sote devan zak sa a ke yo konsidere kòm lach ak baba.
Plizyè fanmiy viktim lan ki pale nan mikwo laprès di yo pa janm konnen li konn nan kont ak moun, yo swete limyè fèt sou asasina Sidolès ki se yon gwo pèt pou yo.
Popilasyon Fiyèt ak tout komin Jean-Rabel espere lajistis fè limyè sou zak sila, yon fason fanmiy viktim nan jwenn jistis.