Mèt André Michel fè fas kare ak mal makak viza ameriken nan Ayewopò Entènasyonal Kap-Ayisyen

Kap-Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Viza ameriken Mèt André Michel anile daprè sa yon moun kapab li nan yon pòs Radio Télé Métronome fè sòti jodi samdi 26 jiyè 2025 lan.
Enfòmasyon yo ta vle fè kwè, politisyen konteste a, tap trese lèl pou te kite peyi Dayiti nan vòl Sunrise Airways pou antre nan peyi blan meriken, alòske li pat menm gen chans pou tcheke nan sèvis imigrasyon, otorite Ayewopò Entènasyonal Kap-Ayisyen yo te deja estope li e fè li konnen ke li pa otorize pou antre nan peyi Tonton Sam nan.
Nan jou sila yo, otorite ameriken yo ta sanble pa sispan bay sipriz e mete nan kanpe lwen yon latriye politisyen rat do kale ayisyen ki souvan enplike nan destabilize peyi Dayiti atravè yon seri krim, akwentans gang ou teworis ak pwatik dezonorab ki rann sosyete ayisyèn an envivab.
Antouka, pou anpil zenyè ak renmen wè, se kòmansman an sa! Mèt André Michel ki se yon karaktè kontwovèse nan baskou politik la nan peyi Dayiti, e ki te trè fame nan mouvman “Peyi Lock” la avèk slogan “Barikak se Avni Nou”, jwen bouchon li jounen jodia, fas ak yon seri gro tonton dispozitif gouvènman Donald Trump lan pran pou pa kite awousa ak malfektè prezante yon danje ou yon menas pou Sekirite Nasyonal peyi Etazini.
Antouka, zèv yon moun toujou swiv li! Elas, jodia se kou pa Mèt André Michel, e demen se va men sòl yon lòt demolisè ki tap plezi nan kraze, rache, gagote ou vòlè anndan peyi Dayiti nan dènye deseni pase yo!
Enfòmasyon ki ta nan koulis fè eta egzistans yon lis pèsonalite poliktik ayisyen ke otorite amerikèn yo remèt yon seri airlines tankou Sunrise Airways pa otorize transpòte nan peyi Etazini.






