Anseyan lekòl piblik yo nan Nòdwès leve kanpe kont òganizasyon egzamen ofisyèl yo

271
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan yon rankont group anseyan Nòdwès yo kap revandike dwà òganize nan vil Pòdpè, yè dimanch 22 jen 2025 lan, yo anonse pap gen egzamen ofisyèl si tout fwa Minis lan pa respekte ak angajman li te sinye ak anseyan yo.

Konsa, yo estime, pwiske Minis lan meprize angajman li te sinye a, “fwa sa pap gen egzamen ofisyèl nan Nòdwès” se deklarasyon group anseyan sila. Yo di egalman, si avan 30 jen pa gen anyen ki fèt, pap gen egzamen 9è ane fondamental ak NS4. Alòske, egzamen ofisyèl yo prevwa kòmanse 30 jen kap vini la.

Revandikasyon yo toujou chita sou : kat debi, aryere salè ak nominasyon pou anseyan ki kalifye yo. Zafè Minis lan di, tout bagay prè pou òganizasyon yo, se nad marinad. Pou anseyan yo, pou egzamen yo fèt, fòk kat debi yo kòmanse distribye, fòk aryere salè yo kòmanse distribye, fòk lèt nominasyon yo kòmanse distribye.

Nap raple pou tout moun kap swiv TRiboLAND yo, lekòl piblik yo nan peyi Dayiti gen plis pase 6 mwa fèmen, timoun yo lage nan savann. Anplis, paran yo pa konnen ki sen pou yo rele pandan Leta koupyon an ap maltrete ansenyan ki pa sispann itilize grèv pou fè revandikasyon yo pase. Antouka, elèv yo, ak tout paran yo, se inik viktim kap pran pataswèl anba men Leta ak tout ansenyan san konsyans pwofesyonèl kap fini ak edikasyon anndan peyi a.

Kèk kritik ta vle konpare zak malonèt ansenyan, sitou chak fwa yo touche yon grabday, se lè sa yo chwazi pa prezante nan klas yo ditou. Anpil nan yo, otomatikman yo jwen lèt nominasyon, se tankou yo ofisyèlman pran retrèt, yo chwazi pa mete pre ditou, pandan yo ap touche yon lajan gratis nan men Leta. Kèk kritik ta vle ensinye yon parèy pratik kòm atitid gang pou fason yo trete lekòl menm jan ak Leta a.

Antouka, konpere ansenyan yo kap revandike pou dwa yo kòm gang, se yon aberasyon. Sepandan, itilize yon seri estrateji revandikasyon, ki vize pou kraze edikasyon nan eta sila; se yon veritab mechanste ou krim ki kontribye nan efondreman sistèm ansenyan yon ap repwoche a. Nap raple, li evidan ke Leta sangwen an pa pran responsablite li fas ak sa li sinye; men vrè pwofesè ki genyen etik, pa kapab ap pwofite vilnerabilite peyi a, pou mennen yon politik mawonnaj ou boycott chak fwa Leta eseye fasilite yon pòsyon ou avans sou yon seri aryere ki pa onore.

Edikasyon se yon pwofesyon nob li ye! Se sèten, fòs ki reprezante sendika ansenyan yo nan Nòdwès genyen ase konpetans pou itilize lòt fòm estrateji ki pi pwatik e ki pa bay piblik la enpwesyon se yon jwèt mètdam kam jwe ant Leta ak ansenyan pou fini ak lekòl nan Nòdwès peyi a. Malerezman, genyen anpil ansenyan ki pa ansenyan, men ki pran woulib nan revandikasyon yo, e ki pa janm mete pye nan lekòl yo malgre kichòy ke yo pafwa jwen nan men Leta!

Share:

Leave a reply