Pwotestasyon : Pwofesè lekòl piblik yo nan Jeremi, okipe beton an pou yon inyèm fwa

254
1
Share:
TRiboLAND

01 – 09 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou egzije responsab ministè edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl yo respekte pwomès li yo anvè pwofesè lekòl piblik yo nan depatman Grandans lan, pwofesè tout plim tout plimay te pran beton an maten mèkredi 8 desanm 2025 lan nan Jeremi. Manifestan yo ki te soti nan diferan kontre ak enstitisyon, tap pwosteste pasifikman kont leta sangwen an ki pa vle pwosede ak nominasyon tout pèsonèl systèm edikatif lan.

Akote yo lo revandikasyon, li enpòtan pou sinyale doleyans edikatè yo ki mande pou pèyman pèsonèl yo ta dwe fèt chak 25 nan mwa yo, menm jan sa fèt pou polisye yo ak ba yo tikat debi. Yo ale pi lwen pou egzije bonjan asirans sante, konstriksyon lekòl piblik adisyonèl ak mete bonjan materyèl disponib nan sal klas yo.

Daprè pwofesè revandikatè yo, yo bouke batay pou sa ki revyen dwa; konsa, yo bay chèf gro bibit nan MENFP, ke pa janm genyen lekòl nan okenn etablisman eskolè nan Grandans, si responsab ta kontinye chwazi pa satisfè revandikasyon yo.

Nap raple, nan kad mouvman pwotestasyon sila, jounen mèkredi 08 janvye 2025 lan, pwofesè yo te kanpe an dan di. Kèk nan yo te genyen kontwòl sou kolè yo, pandan yo tap fèmen pòt direksyon depatmantal ministè a, ak tout biwo distri eskolè (BDS) a nan Chato. Antouka, yon kase randevou pou rès semen lan, nan kad kontinyasyon mouvman pwotestasyon yo kont MENFP.

Share:

1 comment

Leave a reply