Desizyon, ki pwan pou revoke direktè depatmantal agrikilti Grandans lan, okazyone gwo chire pit divizyon nan fanmi politik Pitit Dessalin bwanch Grandans.

365
0
Share:
TRiboLAND

12- 16 – 2024

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè 23 lane kòm direktè depatmantal ministè agrikilti Grandans lan, minis agrikilti a Vernet Joseph, ak direktè jeneral la, Moise Elancier deside bay direktè depatmantal agrikilti Grandans lan, agronòm Vladimir Jean lèt revokasyon l kòm alatèt ministè Agrikilti, gro van divizyon pa sispann klewonnen anndan pati politik Pitit Desalinn nan Grandans.

Desizyon pou voye an eta disponiblite sila, lakoz lwa Danbala danse nan tèt plizyè pitit pati a, patikilyèman ant RENAPA- rezo nasyonal pati Ayisyen, ak Kodinasyon depatmantal pitit Dessaline bwanch Grandans.

Luc Judes, ki tap pran lapawòl nan kad defann agronòm Vladimir Jean, mande minis Vernet Joseph ak tout direktè jeneral ministè a, Moise Elancier, san bliye konseye Emmanuel Vertilaire (ki enplike nan zak kòripsyon), e sekretè jeneral pati a, Moise Jean Charles, pou rete lòt bò baryè ak chwa Ralph Wendy Despeines, ki pa genyen kalite ak konpetans pou ranplase agronòm Vladimir Jean, kòm direktè depatmantal Grandans.

Share:

Leave a reply