Yon Konsèy minis pwevwa fèt demen mèkredi 27 novanm 2024 la

112
0
Share:
TRiboLAND

11 – 27 – 2024

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon konsèy ministriyèl prevwa fèt demen mèkredi 27 novanm 2024 vè 11 è nan maten, selon yon nòt piblik gouvènman an mete deyò.

Selon otorite primati yo, chita tande sila pral mete anfaz sou yon evantyèl sinyati arète ki pral ofisyalize egzistans OGAG a. Enfòmasyon yo fè konnen genyen egalman posiblite pou nome yon nouvo direktè DGI pandan ti bat bouch yo.

Antouka, daprè Radio Télé Métronome, genyen bonjan dife volan kap pran jarèt anndan Konsèy la,  kote ke yon kan aloufa soti pou fè dap piyanp sou gato nominasyon estratejik yo; aloske yon lòt group kanpe ankwà pou sa pa arive fèt.

Share:

Leave a reply