Rebwasaj ministeryèl : Garry Conille bay Leslie Voltaire yon repons dirèk ki anbarase group sansi nèf tèt la

10 – 19 – 2024
Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè li fin resevwa yon lèt ensatisfè bò kote prezidan Leslie Voltaire, chèf gouvènman ayisyen an, Dr. Garry Conille fè alatèt konsèy prezidansyèl tranzisyon konnen ke si genyen bagay ki pa arive fèt, se akòz swivi ki pa fèt nan yon latriye dosye ke egzekitif nèf tèt la pa arive fè.
Conille ale pi lwen pou li di imaj egzekitif la pa imaj gouvènman an; li fè Voltaire sonje ke ensatisfaksyon an ta plis soti nan blokaj ak pyèj pofik ki tann sou fèy dewout gouvènman an ak fonksyon administratif piblik yo.
Chèf gouvènman an pwofite envite konsèy pwezidansyèl tranzisyon an fè swivi sou dosye direktè jeneral yo ke yo mete nan yon kwen. Nominasyon delege ak vis-delege yo ki nan kouti, san mansyone pwosesis fòmasyon konsèy elektoral avèk 9 manm yo.
PM Garry Conille te finalman garanti nouvo pwezidan CPT a, Leslie Voltaire ke gouvènman an ap vanse malgre pofik ak pèlen tèt yo mete sou wout li.
Nap raple, anpil kritik panse, “rebwasaj ministeryèl” se youn nan trik mèt dam politichyen lakay itilize, sitou nan peryòd tranzisyon. Yo pwofite agogo vann pòs ministeryèl ak direktè jeneral chak 3 ou 6 mwa, yon fason pou arive fè plis lajan atravè kòripsyon pot-de-vin.
Se tèlman reyèl, CPT a deja genyen 3 manm raketè yo ta deja soupsone nan zak delwayàl ou eskanmòtè!







Mèsi pou enfòmasyon an.
Fondation Triboland Mombin-Crochu
🙏🙏🙏🙏bravo pu u DG Louissaint pu panse u pu jèn yo fondasyon Triboland wo moustik Jn Charles Welcama
Blue Techker This is my first time pay a quick visit at here and i am really happy to read everthing at one place