Bandi Savyen anvayi Pon Sonde: plizyè moun mouri e blese ak yon latriye kay, biznis ak lekòl ki bwile

726
3
Share:
TRiboLAND

10 – 03 – 2024

Sen Mak, Ayiti_____(TRiboLAND) Manm gang “Gran Grif” kap feraye nan depatman Latibonit atake maten jedi 3 oktòb 2024 la plizyè kay ak lekòl nan Pon Sonde, nan Latibonit. Pandan atak sila, ki se yon kou sezi, group kriminèl masakre yon latriye moun e blese yon pakèt lòt.

Selon korespondans TRiboLAND, se yon veritab masak ki kreye panik lakay yon latriye paran ki mase devan plizyè enstitisyon eskolè nan vil Sen Mak pou ratrape pitit yo. Popilasyon an ki te sou gro tansyon pat manke salanbe Leta a ke yo kalifye koupyon e ki pa fè absoliman anyen pou proteje lavi sitwayen yo, patikilyèman nan Pon Sonde.

Antouka, dega yo pa piti aprè atak kriminèl group gang “Gran Grif” la; plizyè biznis, lekòl ak kay prive bwile, alòske otorite PNH yo tap tante rive sou plas ak fèb mwayen krizokal, ki pa fè pwa ditou.

Share:

3 comments

Leave a Reply to Tertulien Mishma Cancel reply