Bilan DG PNH la, 6 mwa aprè nominasyon li.

3,134

05-10-2022

Pòtoprens_____(TRiboLAND) 4998 entèpele, menmiz sou yon bato, menmiz sou 25 kilo kokayin, menmiz 658 kilo marigwana, 234 zam sezi, 78 520 dola blan meriken sezi, se bilan direktè jeneral Polis Nasyonal Dayiti a Frantz Elbé, nan lokal enstitisyon nan Klèsin, jounen lendi 9 me 2022 a, 6 mwa aprè nominasyon li nan pòs la.

Direktè jeneral Polis Nasyonal Dayiti a, msye Frantz Elbé fè konnen, yo renouvle detèminasyon yo yon lòt fwa ankò,pou mete dòmi nan je tout bandi kap simen latwoublay nan mitan popilasyon an, daprè Elbé ki tap depoze nan yon konferans pou lapwès.

Pou anpil moun, Frantz Elbé ta sanble nan wout pou jwenn yon solisyon ak bandi kap pouse tankou djondjon nan peyi Dayiti. Sepandan yon lòt bò, gen anpil moun kifè konnen, DG PNH la se youn nan wo grade nan lapolis la kap pwoteje bandi 400 Mawozo yo.

Comments are closed.