Endividi pèson pa rive idantifye piye Sant Operasyon Ijans lan nan Mòn Kayo.

1,305

09-19-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Endividi pèson pa rive idantifye sòti nan vil Pòdpè, planifye epi pote ale tout sa kite an anndan Sant Operasyon Ijans lan nan 3e seksyon Polen/Lakòn, lokalite Mòn Kayo, Komin Pòdpè, byen bonè maten lendi 19 septanm 2022 a.

Dapwè enfòmasyon TRiboLAND arive kolekte, se aprè endividi sa yo fin pote ale tout materyèl sansib kite anndan sant sila oubyen KOUD la, popilasyon an bò kote pa yo ta pral fè va sou tout pwodui alimantè kite andedan an.

Li enpòtan pou konnen, nan zòn nan, genyen 2 gwo sant kote yonn nan yo pou estoke vaksen ak lòt la pou estoke manje ak materyèl sansib pou lè genyen dezas, malerezman tou 2 dechèpiye.

Comments are closed.