Konbit Peyizan Nasyonal salouwe ansyen majòjon AAA a pou jefò li nan bay pwodiksyon Nasyonal la jarèt.

248
0
Share:
TRiboLAND


05 – 01 – 2014

Gonayiv, Ayiti__(TRiboLAND) Nan okazyon fèt agrikilti ak travay jounen mèkredi 01 me 2024 la, Konbit Peyizan Nasyonal retire chapo li byen ba pou salouwe jefò ansyen majòjon AAA a, Youri Latortue, pou kalite jefò l’ap fè pou bay pwodiksyon nasyonal la jarèt.

Nan sans sa a, Konbit Peyizan Nasyonal fè konnen, yo rete rakroche ak lide ki fè kwè se sèl pwodiksyon nasyonal la ki se sèl kòk kalite ki ka kanpe kont la mizè ak lavi chè peyi Dayiti ap konnen jounen jodia.

Pou amelyore sistèm nan, Konbit Peyizan Nasyonal ankouraje tout pitit peyi a pou envesti nan latè menm jan ak ansyen prezidan Sena a, yon mannyè pou rive mete peyi a sou men li nan valorize pwodwi lokal.

Share:

Leave a reply