Ajan Egzekitif Entériné Mèri Aken an, vle mete sou pye yon group Polisye Minisipal pou ede konbat ensekirite a

891

04 – 21 – 2024

Aken, Ayiti_____(TRiboLAND) Ajan Egzekitif Entériné Mèri Aken an, Renel Polot ak Ekip li pran inisyativ pou mete sou pye Polis Minisipal pou vin ede kont moute ensekirite a nan komin lan kap taye banda nan dènye moman yo. Pou bay jarèt ak pwojè sa, Mèri Aken an deja pibliye yon arète sou sa.

Pou yon moun fè pati Polis Minisipal Aken an, li dwe Ayisyen, li pa dwe nan vòlè afè moun, li pat dwe kondane pou zak malonèt. Se kèt pami kritè ki sou tab la.

Mèri Aken pran desizyon sa nan tèt kole ak otorite Polisyè yo, ak divès sitwayen nan komin lan. Nap raple nan dènye moman yo, komin sila ap fè fas ak yon moute ensekirite ki kreye yon laperèz nan mitan popilasyon an.

Comments are closed.