Sivil ame ap touye e bwile nan Gantye: rezidan yo ap mande ranfò

623

07-19-2023

Gantye, Ayiti____(TRiboLAND) Bandi sangwen ki gen ramifikasyon ak gwoup gang 400 Mawozo anvayi lokalite Bonè, komin Gantye.

Gang koure yo genyen plizyè semen ke y’ap simaye laterè dèyè do lapolis, alòske yon bon group moun oblije lage pye yo jis Fonparizyen, yon mannyè pou sove po yo anba men bandi kap touye e mete dife lakay yo.

Antouka, komisyon pa chaj! Rezidan nan Gantye, reyèlman ap moute yon kalvè mizèrere ak laterè; yo solisite bourad lapolis san pèdi tan.

Comments are closed.