Nan yon anbyans demokratik, Direksyon Lakou Siperyè Dèkont komemore 200 ane ekzistans li.

855

06-27-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Pou make 200 ane ekzistans Lakou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif, biwo depatmantal Grandans, an prezans manm kolektivite teritoryal yo, kad enstitisyon etatik yo ,manm sosyete sivil lan, direkté depatmantal lan mesye Ives Robert Destra, òganize divès aktivite pou make 200 lane Lakou a.

Konferans deba sou wòl (CSC/CA) ap jwe jounen jodi a, istwa Lakou an, kontinwite administrative te make okazyon an. Konsa, direktè depatmantal la, te fè yon bwèf istwa Lakou a pou rive nan bisantenè l.

Anfen yon mès aksyon degras te chante ou dirije anba lobedyans omonye legliz katolik la, Kenèl Erinack. Se nan menm sans lan, yon pastè legliz pwotestan ta pral prezante yon romeli, e montre aspè layik enstitisyon kontwòl leta sa a.

Nap sinyale, reprezantan vodouyizan yo, madam Romène Pierre te prezan nan yon parèy mouvman sòlòkòtò.

Comments are closed.