Boukantaj kout zam nan Tomasen: 3 bandi sangwen travèse e 3 plizyè polisye blese

1,082

01-04-2022

Tomasen, Ayiti____(TRiboLAND) Yon gro kontenjan fòs polis nasyonal mobilize pandan jounen yè madi 3 desanm 2023 a, pou afwonte group gang ame ki ta genyen nan tèt li Ti Makak, nan Tomasen, nan banlye Petyonvil.

Konsa, moun te kapab konstate, mouvman polisyè ki tap fèt pandan jounen madi a, te demaraj yon gro sòlòkòtò ki tap manniganse pou mete bòy nan pwa bandi yo swit ak zak kidnapping. Plizyè zòn nan Tomasen te kadriye ak patrouy ajan lòd detèmine, anba asistans yon nouvo komisè polis nan lokalite a. Boukantaj kout zam ant bandi ak lapolis, okazyone 3 bandi sangwen arive travèse e 3 polisye blese.

Operasyon polisye sa ki fèt aprè yon tantativ kidnapping nan Tomasen 32; yon operasyon ki okazyone egalman konfiskasyon 5 veyikil ak yon fizi otomatik manch long.

Comments are closed.