New Club Production selebre 6èm anivèsè li an gran jan

992

01-02-2022

Pòdpè, Ayiti ___ (TRiboLAND) 2 janvye 2017 – 2 janvye 2023, sa fè 6 lane depi New Club Production enplante li nan Basen Ble ak Pòdpè anba diereksyon Accilien Romario Sheelove. New Club Production, se yon club kiltirèl, literè, espiritièl ak sosyal. Objektif li se reve wè jèn yo ki anndan legliz dote divès fòmasyon transvèsal, menm si yo se kretyen.

NCP, se yon strikti Romario te debite ak li nan legliz Baptiste Basen Ble a, men parapò ak etid li tap fè nan Lekòl Dwa Pòdpè a, li te oblije travay ak divès jèn ki nan plizyè legliz Pòdpè, tankou: Nazarenyen, Ebenezè, Legliz Batis kretyèn chalè, elatriye.

New Club Production reyalize plizyè fòmasyon sou lidèchip ak jèn yo. Li pèmèt yo fokis sou antreprenarya ki se yon zouti kap pèmèt yo bat tenèb dèyè mizè. Objektif pwensipal NCP pou nouvèl ane a, se òganize yon festi evanjelik ak pèmèt jèn yo jwenn mwayen pou fè biznis atravè yon pwojè mityèl solidarite yap lanse nan mwa janvye a menm.

Comments are closed.