Rankont rejyonal ansyen Nòmalyen nan Nòdwès

1,951

08-19-2022

Lavo, Senlwidino, Ayiti______(TRiboLAND) Yon gran kongrè òganize nan dat 18 Out 2022, Lavo nan lokal lekòl bèbè yo. Li te reyini anviwon yon senkantèn patisipan ki regwoupe plizyè pwomosyon ( reny misyonè Fribou yo ak reny Fiy Lasajès yo).

Gwo rankont sa te reyalize nan objektif pou youn te ka rankontre avèk lòt epi pataje eksperyans, bon souvni ak move souvni lekòl nòmal sa ki te fonde nan lane 1962 sou zile la Tòti e transfere Lavo nan lane 1970.
Aprè yo te fin envoke non Granmèt la, yo te debat kèk pwen esansyèl, pami yo :
1) mizankontèks objektif rankont rejyonal la
2) mizopwen tèm jounen an ki te ekri sou mayo chak patisipan: COLLABORONS NOUS POUR UN MEILLEUR AVENIR.
3) Istorisite Lekol Nòmal ki te prepare epi prezante pa Sr Mie Louise Sylvestre
4) istorisite gwoup Whatspp LES ANCIENS ETUDIANTS de l’ENL ak prezantasyon moun ki te fonde gwoup sila ki se Mme Walna Siméon
5) prezantasyon (familyarizasyon ) patisipan yo
6) analyz sou koz ak konsekans absans ENL la nan kominote a depi lane 2008.
7) deba sou enplikasyon nòmalyen (CAPis ) yo nan sistèm edikatif ayisyen an
8) analiz sou posibilite pou siyen yon petisyon pou mande konsène yo pou reouvri lekòl sila a ki t yon patrimwàn.
9) selebrasyon anivèsè Mme Walna SIMÉON.
Gwo evenman sa te prezide anba lobedyans Mtre Viala COLAS e te klotire avèk yon vizit ansyen lokal lekòl sila a ki nan moman genyen plizyè lòt biwo, men ki malgre sa ap degrade de jou an jou.

Comments are closed.