Meri Senlwidinò resevwa yon lo materyèl kòm don nan men COOPECS

1,189

08-19-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Meri Senlwidinò resevwa yon lo materyèl nan men responsab COOPECS yo (koperativ epay e kredi de senlwidinò) ki gen ladan l, 18 pèl, ak 3 bourèt, jedi 18 dawou 2022 a.

Mèt Syveny Odelus kite pran lapawòl pou enstitisyon an di : yo fè meri a don materyèl sa yo se yon fason pou yo kapab konbat salibrite nan komin nan. Yon lòtbò li vle renouvle detèminasyon yo genyen pou komin nan nan kad devlopman.

Enspektè Oracius Oreste Eugène, bò kote pal di meri a remèsye responsab COOPECS yo pou jenewozite yo. Li pwomèt yo li pral mete materyèl sa yo nan sèvis popilasyon nòlwizyèn an. Li pwofite bat bravo lakontantman pou responsab COOPECS yo ki panse fè meri a yon don sa ki pral kontribye nan travay asenisman nonsèlman pou peryòd fèt patwonal la men pou toujou kenbe vil la pwòp.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.