Nòdwès : Onè e merit pou Enspektè Pwensipal Jean Souffrant nan Senlwidinò
06-05-2022
“Rezo Edikatif Antre Nou”, remèt yon plak donè ak merit bay Enspektè Jean Souffrant pou travay li reyalize soti nan lane 2017 pou rive 2021, nan tèt distri Senlwidinò a kòm Enspektè Pwensipal.
Aktivite sa reyalize jodi dimanch 5 jwen 2022 a, nan legliz Episkopal la nan komin Senlwidinò ki anba direksyon Pè Estimè Frader. Merizyè Robè ki te pran lapawòl nan sikonstans lan enimere 18 lekòl nasyonal enspektè a kreye nan komin nan ak 6 seksyon kominal yo .
Mesye Souffrant bò kote pa l deklare ke lap kontinye travay pou satisfè distri a. Li montre ensatisfaksyon li paske l gen plizyè lekòl ki pat gentan nasyonalize anvan l te kite distri a.
Antouka, nan lavi sa w fè se li w wè! Yon plak donè pou yon potorik ki merite respè!
Pierrilien Nicol Colly, TRiboLAND
Comments are closed.