Yon group lidè ak aktivis ayisyen egzije Majistra vil Miami an deklare ansyen prezidan Michel Martelly “persona non grata”

3,465

05-16-2022

Miami____(TRiboLAND) Nan yon lèt ‘tanpri souple ki date 13 me 2022, yon group lidè ak aktivis kominotè ayisyen nan Miami adrese preokipasyon bay Majistra vil Miami an, Onorab Francis Suarez sou vizit ansyen prezidan Michel Martelly alyas Sweet Micky konte fè Sant Kiltirèl Little Haiti a nan okazyon 18-21 me 2022 a.

Ayisyen onore “Fèt Drapo” chak ane e mete soupye selebrasyon kiltirèl nan peyi Dayiti ak nan dyaspora a, daprè sitwàyen ayisyen yo. Konsa, pou yo menm, si vil Montreal ak New York te deklare Michel Martelly “persona non grata” pou gro krim ki gen pou wè ak kidnapping e gansterizasyon kont inosan malere fanm, nèg ak ti lezanj ayisyen. Selon rapò yo, Michel Martelly se pi gro chèf gang kap teworize pèp ayisyen an.

Nou konplètman opoze yon evantyèl prezans kriminèl la nan Little Haiti, daprè deklarasyon lidè yo: “kòm manm kominote ayisyèn nan nan Miami, nou mande ou an gras pou deklare san ezitasyon Michel Martelly persona non grata nan vil Miami pou krim ke li komèt kont pèp ayisyen an”.

Kidonk, nan lèt sa ou jwen paraf yon latriye lidè ou aktivis politik ou kominotè nan kominote ayisyèn nan tankou: Roger Biamby, Tony Jeanthenor, Dr. Larry Pierre, Arsene Omega, Farah Juste ak Wadson Tony.

Comments are closed.