Malfektè ou kriminèl sangwen ki pa idantifyàb vandalize ou raboure yon lòt fwa ankò Palè Jistis Pòtoprens lan

2,390

05-11-2022

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Malfektè ak vòlè ke moun pa arive idantifye kase ou sakaje yon lòt fwà ankò Palè Jistis Pòtoprens nan aswè ki te madi 10 me 2022 a, si nou ta vle kwè deklarasyon Jij Ikenson Édumé ki konfime nan yon interview ke plizyè biwo jij vandalize e menm akapare plizyè dokiman.

Antouka, seyans vandalism sa, se youn pami yon latriye lòt ki fèt deja anba direktiv vòlè, kòriptè ak malfektè ki efondre peyi a, raboure tout sa yo jwen sou wout yo anndan Palè Jistis la nan sware 10 me 2022 a. Pami biwo sangwen yo raboure, ou jwen biwo: Jij Anie Fignolé, Jij Amonsite Accimé, Jij Jean Wilner Morin, Jij Ikenson Édumé san konte plizyè lòt ak sekretarya jij fanm yo anndan enstitisyon an.

Malgre genyen anpil sabotaj ki fèt deja nan Palè Jistis Pòtoprens lan; bagay swadizan ki rele tèt yo otorite yo kontinye ap evolye nan iresponsablite reselè yon fason pou kapab detwi ou disparèt yon seri gro dosye. Kidonk, sakaje yon lòt fwà ankò PJP ki se yon veritab paswà, se “Déjà Vu”!

Comments are closed.