Eleksyon: kòporasyon pratisyen an dwa nan tribinal Depè Pòdpè a

2,143

04/22/2022

Pòdpè____(TRiboLAND) Se jodi vandredi 22 avril 2022 a, vè 3è nan aprèmidi, kous elektoral pou kòporasyon pratisyen an dwa nan tribinal Depè Pòdpè te dewoule.

Anprezans yon odyans byen anime ak diferan otorite jidisyè, twà kandida tankou Me. Frantzly Balthazar, Me. Eddy Ducasse ak Me.Yves pat manke ap trese lèl yon fason pou vann imaj pozitiv sou konpetans yo ak entegrite yo nan zafè Lalwà.

Sou yon total 41 votan, 21 elektè vote pou Yves Augustin;16 votan pou Franzly Balthazar; 3 vòt lib epi 1vòt pou kandida demisyonè a. Sa ki ta pral pèmet Mèt Yves Augustin ranpòte lamayòl la.

Nap raple, Me. Ducasse Eddy kite pote l kandida te kouri retire l nan kous la kèk tan avan dewoulman vòt la.

Comments are closed.