Gouvènman Ariel Henry a deside ekate kapital la pou yon travay konsantrasyon nan Kot Akaden

01/13/2022
Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon nòt pap padap ke li mete deyò, Pwimati anonse ke gouvènman Pwemye minis Ariel Henry a deside al fèmen tèt li nan yon retrèt kap dure 2 jou nan Kot Akaden.
Aktivite rete lwen kapital la ki kòmanse jodi jedi 13 janvye 2022 a, antre nan yon demach ki kapab fasilite konsantrasyon tèt fwèt pou yon pi bon amoni yon atikilasyon pwagmatik nan kad aksyon gouvènman an ap poze, dapwè nòt pwimati a.
Antouka, Ariel Henry ak tout kabinè ministeryèl li pwofite rewouvèti kèk gwo biznis otelye nan Kot Akaden, yon fason pou fasilite yon travay konsantrasyon andeyò kapital la.







mesi dg pou enfo jenes latoti fye de u
Triboland latortue