Yon mesye tire vwàzen li lavèy Nwèl apwè yon diskisyon poutèt yon mizik ki te twò wo

1,612

12/25/2021

Palm Beach, Floride_____(TRiboLAND) Yon mesye nan Boca Raton, kontre West Palm Beach, tire yon vwàzen li nan do lavèy Nwèl pandan yon diskisyon pou yon mizik ki te twò wo, dapwè otorite lokal yo.

Sheriff nan zòn West Palm Beach te entèsepte nan vandredi yon kout fil nan blòk 14 è 30 nan blòk 10600 Shady Pond Lane zòn wout 441 Florid, Etazini.

Zachary Moncada 31 lane, te anba men fanmiy viktim nan avan ke fòs lòd yo te rive sou plas. Li tap eseye fè mannèv e menm tire atè apwè ke fanmiy viktim nan arive dezame li e metrize l, dapwè sa sheriff yo deklare.

Yo te oblije vit e pwese kouri avèk viktim nan lopital West Boca kote ke li te nan yon eta ki stab; li te akonpanye madanm li.

Kanta pou Moncada, li fèmen nan kalabous nan yon sant detansyon nan konte Palm Beach. Li genyen gwo chay akizasyon ki pandye sou li tankou: tantiv mòtèl pwemye degre ak vwàdfè grav.

Comments are closed.