Gran Frè Marc Guerson Philistin, jounalis repòtè vedèt Radio Télévision Caraïbes (RTVC)  kidnape

140
0
Share:
TRiboLAND

11/24/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Fanmiy Marc Guerson Philistin, jounalis repòtè vedèt “Alo Tonton” Radio Télévision Caraïbes (RTVC) , pa konnen ki sen pou yo rele apwè ke yo aprann anlèvman yon gran frè jounalis la yèswà madi 23 novanm 2021 an, nan Ri Kapwà.

Viktim nan ki se James Philistin ki se yon enjenyè,  te twouve li lakay li nan moman bandi sangwen ame ki pa idantifyàb arive mete men sou li ansanm ak 3 lòt moun.

Bandi sangwen egzije yon montan 5 milyon dola vèt an echanj liberasyon James Philistin ki se yon gàd peyi a.

Share:

Leave a reply