Endividi kriminèl ke yo pa rive idantifye vandalize plizyè enstalasyon DINEPA nan komin Petyonvil

10/09/2021
Petyonvil_______(TRiboLAND) Nan yon kominike ke li fè sòti vandredi 8 oktòb 2021 an, Direksyon nasyonal dlo potab ak asenisman (DINEPA) anonse ke yon bon pati nan komin Petyonvil la pat genyen sèvis dlo.
Konsa, ratman sèvis la, okazyone akòz endividi sangwen ki pa idantifyàb te arive vandalize liyn Montagne Noire a, dapwè centre technique d’exploitation de la région métropolitaine de Port-au-Prince lan ki anonse ke yo deja mobilize yon ekip teknisyen ki pwàl finalman rezoud yon parèy pwoblèm.
DINEPA eskize li bò kote popilasyon an pandan lap angaje li nan kontinye travay ak amelyore sèvis dlo a.
Li envite popilasyon an pwezève enfwastrikti sa yo ki vital pou lavi an jeneral e ki koute tèt nèg.






