Epidemi Ebola a, ap vale teren e bay anpil enkyetid nan peyi Repiblik Demokratik Kongo.

52
0
Share:
TRiboLAND

07 – 11 – 2026

RDC _____ TRiboLAND) Epidemi Ebola a, ap bay anpil kè sere ak bouch pa gou seryezman nan peyi RDC. Daprè sektè medikal la, epidemi Ebola ale ak yon vitès ke oken lòt epidemi pa janm franchi.

Otorite sanitè yo rapòte 1759 ka ki konfime ak 600 lòt moun ki pèdi lavi yo, depi lè epidemi deklare ofisyèlman nan dat 15 me 2026 pase a, daprè dènye bilan Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) ki pibliye 7 jiyè 2026 pase a. Pwovens Ituri nan Nòdès Repiblik Demokratik Kongo, yon zòn ki touprè ak fontyè Ouganda ak Soudan Disid, se kèk zòn ki pi frape anba Ebola.

Ekspè yo enimere plizyè faktè ki kapab ran’n batay kont epidemi Ebola vinn pi difisil tankou : deplasman popilasyon yo, ensekirite ki genyen nan zòn ki enfekte yo, e mete sou feblès sistèm sante lokal la.

Kidonk, Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) avèti kantite reyèl moun ki enfekte yo kapab vin piwo pase chif ki deja idantifye yo e kriz sanitè sa a kapab layite kò li menm pou plizyè mwa.

Share:

Leave a reply