Pwofesyonèl sante yo pwoteste kont sistèm sante a e mande taboula raza pou rejim Jovenel Moise lan

Pòtopwens__(TRiboLAND) Jan sa te pwevwa pou jounen 30 Oktòb 2019 la, plizyè santènn pwofesyonel nan sèktè sante foule beton an nan Pòtopwens pou ekzije mèyè kondisyon travay e mande taboula raza pou rejim Jovenel Moise la.
Anba inisyativ divès doktè nan lopital Inivèsite Deta Dayiti (Lopital Jeneral) melanje ak plizyè santènn pwofesyonèl makònen ak sa yo ki nan vil pwovens kap simaye sante pami yo enfimyè, famasyen, sendika travayè sante, sekouris ak anbilansye te achte lajan kontan beton an pou fè tande vwa yo sou baz vye kondisyon travay ak sèvis ki pa egziste.
Pwotestatè sa yo ki te gen sipò divès militan opozisyon tap bwandi pankat revandikasyon (swen sante, mèyè kondisyon travay, kondisyon sèvis…) yo, kote ke yo tap lonje dwàt yo sou absans yon sistèm sante ki pa genyen. E yo evoke tou depa rache manyòk pwezidan Jovenel Moise ki repwezante yon zewo kòm senbòl enkonpetans ak kòripsyon. Doktè Marie Antoinette Gauthier ki tap pale de salè pwofesyonèl yo sou rejim PHTK a ki lage peyi-a nan salte.
Manif la ki tap dewoule nan lapè ak trankilite, se ankò yon lòt sèktè ki ajoute pami tout latriye enstans ki reyini divès milyon sitwayen kap mande chanjman sistematik kap plonje Ayiti nan lanfè e depa Jovenel Moise ke yo estime ki iminan.






