Ayiti Vyolans: Manifestan tante boule Anbasad Kanada ak yon UniBank nan Kapital la

0 428

Pòtopwens___(TRiboLAND) Manifestan ki tap pwoteste nan Delmas 71 jounen Dimanch 27 Oktòb la tante mete dife nan yon sikisal Unibank ak Anbasad Kanada. Etaj kote ki loje Lafayette ansanm avèk Unibank sou wout Delma te manke pwan dife lòske manifestan yo te lanse yon koktèl molotòv nan batiman an. Konsa, gras avèk vijilans sèvis ponpye dife-a te gentan sou kontwòl e ratibwaze.

Se menm man parèyman pou Anbasad Kanada kit e viktim tou de yon tantativ dife nan 2 kawoutchou kite kòmanse ap bay flanm nan antre batiman an. Manifestan yo ki pat sispann mande depa Jovenel Moise te ensandye yon machenn devan Anbasad Kanada-a tou.

Nap fè raple, sa pa gen lontan yon gwoup manifestan tap pwoteste nan Kebèk kote ke yon te mande Kanada pou li te kite peyi Dayit akoz konplisite li nan kriz peyi-a kap pase tray.

Leave A Reply