Ayiti kontinye ap plonje akoz de yon gouvènman ensansib e kriminèl

Pòtopwens__(TRiboLAND) Ayiti ap koutinye nan katriyèm semènn peyi lòg kote ke ayè Lendi 7 Oktòb 2019 la, tansyon ak vag pwotestasyon kont pwezidan Jovenel Moise yo kontinye ap miltipliye atravè yon peyi kap desann nan lanfè chak jou kap pase.
Anpil pwotestasyon ki tap pote boure ayè devan Palè Nasyonal te resevwa yon rakle gaz lakrimojènn bò kote fòs lòd yo ki te tèt pou tèt ak manifestan yo. Kalonnaj wòch, barik metal anflame, se tout nan strateji sa yo militant pwotestatè itilize pou twoke kònn ak yon rejim bout di ki detèmine fòk peyi a antere e ensandye jiskaske pou li kraze yon kite sa.

Manif ayè Lendi a montre aklè lit manifestan yo ki aswafe de tout bagay de baz yon moun ta dwe genyen, pa pou lontan. Jovenel Moise ansanm ak sistèm ki efondre peyi-a, genyen anfas li yon pèp ki detèmine ale jisko bou yon fason pou chante antèman final sistèm neokolonyalis san pitye sa kap somalize Ayiti depi plis pase 200 lane. Yon detèminasyon ke anpil moun idantifye nan plizyè konfwontasyon ak Lapolis ki pafwa eksite vyolans lan. Plizyè moun mouri anba bal lapolis ayè; pami yo yon jènn gason nan kan opozisyon tap benyen nan san li sou Champ de Mars la, alòske yon machenn bwile anba kolè manifestan yo.
Nan Gonaiv, aktivite manif yo pwan yon lòt imaj. Konsa, mouvman popilè pou depa san kondisyon chèf deta a fèt pwèske 2 fwa pa jou. Anplis, manifestan yo eseye ame tèt yo pandan yap fè rafal kout zam nan moman manifestasyon yo.
Annatandan kominote entènasyonal la ap jwe jwèt pike kole ak vi tout yon pèp kap ki alagoni; moun pa sispann mouri atravè peyi-a anba bal bandi ak lapolis ki ta sanble pèdi kontwòl yon sitiyasyon ki afiche medyokrite ak enkonpetans toutouni yon pwezidan ki pa ka menm delivwe 2% sèvis piblik e ki bliye ke LAREPIBLIK gen dimil fwa valè ke li menm kòm yon senp sèvitè.






